COVID-19 lan frape Bronx lan di. Men gen èd.

Resous ki anba yo ka ede elèv, pwopriyetè biznis ak tout moun nan kominote an

#BronxReliefEffort

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal NYC

Liy asistans 24 sou 24 pou Kowonaviris

Ou gen kesyon anrapò ak COVID-19? Rele nan 1-888-364-3065

Ou bezwen sipò emosyonèl? Rele nan 1-844-863-9314

Sant Sante Administrasyon Resous ak Sèvis Sante

Sant Sante yo ka evalye si pasyan yo bezwen plis tès epi bay swen jeneral nan yon pri redui oswa gratis.

One Medical

Ofri tès gratis ak esè abònman kòm manm pou 30 jou pou tout rezidan NYC ki gen pwoblèm Kowonaviris.

Tès Eta New York

Tès gratis pou tout Nouyòkè ki kalifye. Disponib atravè founisè swen sante oswa si w rele liy dirèk Eta New York lan pou COVID-19: 1-888-364-3065

Vaksen kont COVID-19

Yo pral distribiye Vaksen kont COVID-19 nan plizyè faz bay gwoup moun ki plis riske ekspoze ak COVID-19 lan oswa ki plis riske gen maladi grav COVID-19 la. Distribisyon pwogresif la pral pran tan, paske yo prevwa vaksen yo pa p disponib an pakèt kantite pou tout Nouyòkè yopa anvan mitan ane 2021 an.

Bronx Defenders

Ofri defans legal pou rezidan Bronx ki gen revni fèb yo. Kliyan aktyèl yo kapab jwenn aksè tou nan Fon Dijans Kliyan.

Pou sipò legal dijans rele: 347-778-1266

Pou kontakte yon manm pèsonèl oswa resepsyon an, rele: 718-838-7878

Pwoteje Fanmi Imigran yo

Bay enfòmasyon sou kalifikasyon imigran pou pwogram piblik federal pandan kriz sante piblik COVID-19 lan.

Sispansyon Degèpisman Manda Eta New York lan

Yo pa kapab degèpi pèsonn nan Eta New York jiska 1ye janvye 2021 omwen.

Liy Dirèk Nasyonal pou Vyolans nan Kay

Viktim ak reskape Vyolans nan kay ki bezwen sipò: rele nan 1-800-799-7233, tèks LOVEIS nan 22522, oswa ale nan thehotline.org. Disponib alafwa an Anglè ak nan Panyòl, 24/7.

Liy Alyans Nasyonal pou Maladi Mantal (National Alliance on Mental Illness) pou voye Tèks pou sitiyasyon Kriz

Tèks HOME nan 741741 pou ou tèks avèk yon Konseye Kriz kalifye, andirèk.

FoodHelp NYC

Pwovizyon manje ak manje cho disponib nan distribisyon manje ak kwizin kominotè yo nan tout senk minisipalite yo

Èd Livrezon Manje NYC

Sèvis vil la ki livre repa pou Nouyòkè ki pa kapab jwenn aksè nan manje yo menm

Konnen Dwa Ou yo

Si ou gen difikilte pou peye lwaye akòz COVID-19, gen èd, tankou pwogram asistans Rent Hardship (rediksyon lwaye) pou rezidan NYCHA ak èd "one-shot" (prè dijans).

Lojman pou Ijans

Vil New York ofri abri dijans pou yon ti tan ak entèvansyon pou kriz pou jèn sanzabri ak fijitif. Pou jwenn èd, rele Youth Connect nan 800-246-4646.

ACCESS NYC

Plis pase 30 pwogram disponib pou moun ak fanmi kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo.

Repa pou PoteAle pou Aprantisaj Adistans

Elèv ki nan aprantisaj adistans ka vin chèche manje maten ak manje midi gratis nan sèten kote. Paran/responsab legal elèv sa yo ka vin chèche repa pou pote ale yo tou. Repa pou pote ale yo disponib nan jou lekòl yo sèlman ant 9 AM ak 12 PM. Ou pa oblije enskri ni montre okenn ID oswa dokiman.

Frijidè Manje Kominotè

Frijidè Manje Kominotè yo se frijidè ki ofri manje gratis, pou kèlkeswa moun ki vle l. Pran sa ou bezwen, kite sa ou pa bezwen. Se manm kominote a ki òganize yo e fè antretyen yo, epi anpil nan frijidè yo disponib 24 è sou 24, 7 jou sou 7.

Sèvis asistans nan telefòn Lemontree pou Manje

Rele oswa voye yon tèks bay sèvis asistans Lemontree pou manje a pou yo ede ou jwenn distribisyon manje ki pi pre a, pou aplike pou SNAP, ak plis toujou. Yon moun reyèl pral reponn apèl ou an, epi li pral mete ou an kontak ak pi bon resous ki disponib yo. Yo louvri chak jou nan semèn lan ant 10 A.M. ak 6 P.M. Tèks mo FOOD nan 90847, oswa rele nan 888-489-7212 pou jwenn èd kounye a menm.

Èd Asirans Chomaj

Revni tanporè disponib pou moun ki pèdi travay yo san se pa fòt yo. Benefis anplis disponib akòz COVID-19.

Sant Karyè Vityèl NYC Workforce 1

Sèvis Ti Biznis (Small Business Services, SBS) NYC yo ede Nouyòkè yo prepare ak konekte nan djòb nan tout senk minisipalite yo gratis.

Èd pou Chomaj nan Pandemi

Ofri sipò ekonomik pou Ameriken ki nan chomaj akòz COVID-19 men ki pa kalifye pou Asirans Chomaj tradisyonèl.

Pwogram Ekstansyon Soulajman Lwaye nan NYS pou COVID lan

Pwogram Ekstansyon Soulajman Lwaye pou COVID lan ap ofri fwaye ki kalifye yo yon sibvansyon yon sèl fwa pou lwaye yo ap voye bay mèt kay la dirèkteman. Kandida yo p ap oblije ranbouse èd sa a.

Pwogram Pwoteksyon Salè yo

Yon prè ki pa ranbousab ki bay yon ankourajman dirèk pou ti biznis yo kontinye fè pewòl anplwaye yo.


(Remake: SBA pral anile prè yo si tout anplwaye yo kontinye touche pandan uit semèn e lajan an sèvi pou pewòl, fèm, enterè sou ipotèk, oswa sèvis piblik yo)

Avans pou Prè pou Dezas Domaj Ekonomik

Yon avans pou prè ki pa ranbousab ki bay soutyen ekonomik pou ede ti biznis yo konbat rantre yo pèdi an kòm yon konsekans COVID-19 lan.

Kredi SBA Express Bridge

Yon prè pou ti biznis ki aktyèlman gen yon relasyon ak yon Òganis ki Fè Prè Eksprès SBA pou jwenn aksè ak jiska $25,000 byen vit.

Soulajman Dèt SBA

SBA ap peye 6 mwa prensipal, enterè, ak frè asosye yo sou prè ki egziste deja yo ak prè ki dekese anvan 27 septanm 2020.

Fon Kominotè COVID-19 United Way of New York City

Ofri sibvansyon sekou rapid pou kriz pou òganizasyon ki pa nan fè pwofi ki travay avèk kominote ki afekte ak kowonaviris yon fason demezire

Sibvansyon pou Jefò Soulajman Kominote Bronx lan

Yon sibvansyon pou kominote Bronx lan ki gen fon ki mete apa pou ti biznis yo.

Fon Prè Atèm New York (New York Forward Loan Fund, NYFLF)

Ofri prè pou ti biznis, òganis san objektif pwofi, ak ti pwopriyetè kay ki pa te resevwa Pwogram Pwoteksyon Chèk Peman (Paycheck Protection Program) SBA oswa Avans Prè Nan Ka Katastwòf Ekonomik (Economic Injury Disaster Loan Advance).

Sant pou Devlopman Ti Biznis nan New York (New York Small Business Development Center, NYSBDC)

Ofri gratis konsèy pou biznis, fòmasyon, ak rechèch biznis pou pwopriyetè ti biznis yo ak antreprenè yo.

Pwogram pou Prete iPad NYCDOE an

NYCDOE an ap prete iPad bay elèv NYC yo soti nan klas Jadendanfan pou rive nan klas 12yèm ane ki bezwen yon aparèy pou edikasyon a distans.

Sipò Teknik NYC DOE pou Fanmi yo

Elèv ak fanmi lekòl piblik NYC yo kapab jwenn sipò teknik gratis pou aparèy yo.

Pwen Aksè WiFi Gratis

Altice ak Charter (Spectrum) rann Pwen Aksè WiFi yo gratis pou tout moun itilize.


(Remake: Pifò Founisè Sèvis Entènèt, ISP yo, ap ofri sèvis gratis oswa tarif pwomosyonèl pandan pandemi an pou ede elèv ak fanmi yo rete sou entènèt. Rele ISF lokal ou an pou wè si ou kalifye.)

Bibliyotèk Piblik New York

Jwenn èd gratis pou devwadmezon sou entènèt sèl a sèl nan men pwofesè patikilye, chak jou ant 2 ak 11 PM. Disponib ann Anglè ak an Panyòl, depi klas primè jouk rive nan klas segondè, nan matyè debaz yo. Kontni videyo ansanm ak lòt resous toujou disponib 24 èdtan pa jou

Khan Academy

Orè lekòl chak jou ki kreye pou elèv soti nan Pre-K jouk rive lekòl segondè. Disponib nan plizyè lang, ofri kontni entèraktif nan pwòp vitès ou, nan matyè debaz yo.

Rising New York Road Runners

Ofri aktivite andedan ak deyò pou ede elèv PreK-12 yo ak fanmi yo rete aktif lakay yo.

Per Scholas -Fòmasyon nan Teknoloji pou Granmoun

Ofri fòmasyon, edikasyon, ak sètifikasyon pou granmoun ki p ap travay ak pou granmoun ki pa travay ase, ki enterese nan karyè nan teknoloji.

Koneksyon pou Aprantisaj (Learning Bridges)

Learning Bridges se yon nouvo pwogram ki ofri opsyon gadri gratis pou timoun depi nan 3-K jiska klas 8yèm ane nan jou yo pwograme pou aprantisaj adistans.

Kou gratis nan Coursera pou Nouyòkè ki nan chomaj yo

Depatman Travay Eta New York la asosye l ak Coursera, prensipal founisè fòmasyon sou entènèt la. Gras ak Coursera, Nouyòkè ki p ap travay yo pral gen aksè ak prèske 4,000 pwogram nan endistri kwasans rapid yo, epi yo ka amelyore konpetans yo nan syans done yo, biznis ak teknoloji.

My Bronx Impact

Yon zouti sou entènèt ki kreye pou ede ou jwenn plis resous lokal gratis oswa ki baze sou pri tankou aksè entènèt, livrezon pwovizyon manje, swen medikal, èd finansye, ak plis toujou.

Bronx Stix Together [Bronx Rete Ansanm]

Pou jwenn plis resous, pa egzanp pou kreye pwòp ekipman pwoteksyon pèsonèl ou (Personal Protective Equipment, PPE) oswa pou jwenn dezenfektan pou men, Bronx Documentary Center te kreye yon sitwèb pou ede w.

Fòmilè "Volontè" Bronx Mutual Aid Network (Rezo Èd Komen Bronx lan) pou COVID-19 la

Si ou nan Bronx, tanpri enskri pou fè volontarya nan Bronx Mutual Aid Network lan